Se ak yon gwo lajwa lakontantman m ap prezante nou “Teyoloji Anba Tonèl”. “Teyoloji Anba Tonèl” se yon espas dyalòg, diskisyon, boukantaj lide, ak refleksyon kritik sou Bib la ak Teyoloji nan kontèks Ayisyen. Nan espas sa a nou vle envite tout moun ki santi yo enterese pou reflechi epi brase lide ak nou sou enplikasyon ak siyifikasyon lafwa kretyèn lan osinon levanjil la nan pwòp kontèks pa nou.
Anpil fwa nan lide pa nou mesaj levanjil la se yon mesaj fiks, li pa dinamik. Premye kretyen yo te deja fikse sans ak siyifikasyon mesaj levanjil la pou tout kontèks ak tout lòt jenerasyon kretyen k ap vin apre yo. Pa gen okenn wòl nou ka jwe nan devlopman siyifikasyon mesaj levanjil la. Nou konprann wòl nou tankou wòl yon konsomatè pasif ki la senpman pou chita koute mesaj la, men ki pa gen okenn patisipasyon nan detèminasyon ak devlopman siyifikasyon mesaj la pou pwòp kontèks kote n ap viv la.
Lè konsa nou kite baryè a louvri pou tout moun ki sòti nenpòt lòt kote vin enpoze sou nou siyifikasyon levanjil la nan pwòp kontèks pa yo. Levanjil la tounen yon mesaj ki depaman, ki pa vle di anyen pou nou tout bon vre, ki pa gen okenn sans osinon siyifikasyon patikilye pou pwòp kontèks kote n ap viv la.
N al legliz, nou chante, nou lapriyè, nou fè jenn, nou li Bib la, n al nan misyon, eksetera, men anpil fwa mande nou ki siyifikasyon bagay sa yo genyen pou kontèks kote n ap viv la, nou pa fin twò byen konnen. Nou tout pastè ansanm ak fidèl chita ap repete yon pakèt bagay yo te aprann nou, men anpil fwa nou pa janm pran yon ti tan reflechi mande kisa yo vle di menm? Poukisa nou fè sa n ap fè yo nan legliz? Kisa n ap chache le nou fè yo? Kouman yo enfliyanse lavi nou, fason nou panse, fason nou viv, fason nou aji, fason nou konpòte nou yonn ak lòt, fason nou konpòte nou nan anviwonnman nou?
Inityativ “Teyoloji Anba Tonèl” la se rezilta yon seri jefò pou deklanche yon pwosesis refleksyon teyolojik ki anrasinen anndan kontèks Ayisyen an. “Teyoloji Anba Tonèl” pa la pou defann okenn sektè doktrinal osinon denominasyon. “Teyoloji Anba Tonèl” la pou ofri yon espas refleksyon kritik sou tout kalite mesaj teyolojik n ap fè pase nan legliz nou yo. Li la pou li fouye zo nan kalalou epitou ede nou pran konsyans nan konprann pi byen reyalite lafwa n ap mennen ansanm lan.
Chak mwa “Teyoloji Anba Tonèl” ap envite ou reflechi sou yon seri atik n ap mete sou paj entènèt sa a. N ap envite w tou pou poze kesyon, fè kòmantè, epi patisipe ansanm ak nou nan dewoulman bèl pwosesis refleksyon ak dekouvèt teyolojik sa a. Diskisyon nou yo ap fèt nan lang Kreyòl, Franse, osinon Anglè pou nou kapab fasilite patisipasyon moun nan dyaspora a k ap viv nan peyi ki pale Anglè.
Randevou kase anba tonèl la!
Sadrack
Comments
6 responses to “Onè! Respè!”
Bravo Pastè, m panse ou vrèman ap travay pou avansman levanjil ak yon inisyativ konsa. Ke Bondye akonpaye ou menm ak tout lòt moun k ap gen pou patisipe nan refleksyon sa yo.
Mèsi anpil Lesly pou ankourajman w. M ap tann reyaksyon sou atik nou gen pou n pibliye nan blog sa a.
J’aimerais bien m’abonner à ton blog, Pasteur Nelson, mais je ne vois pas comment le faire. Pourrais-tu ajouter ce bouton dans l’avenir? Mesi anpil.
Merci de ton interet, j’apprecie beaucoup. Je ne suis pas certain de savoir comment ajouter cette fonction, cependant tu devais pouvoir abonner à ce blog en cliquant sur (Follow/abonne) en haut à
gauche de l’ecran. STP, fais moi savoir si cela marche. Merci encore.
Voila ce qu’il faut faire pour abonner à ce blog: cliquer sur “suivre” au bas et à droite de votre ecran d’ordinateur. Cela devrait marcher cette fois. Merci encore de porter cela à mon attention.
excellente décision, je m’adhère à une telle initiative. J’encourage d’autres personnes à nous rejoindre sur ce blog en vue de repenser la théologie en Haiti.